(ajoutée depuis Flickr)
Solèy dibraz
Loray anraje dechennen
Kout zam tonbe marye
Lespri-m anboulatcha.
Granchemen
Drivayè
Koutpoud
Manjeranje
Kalfoukat sèvi
Maji
Wonga
Pouvwa
Lajan
Fanm
Simen toupatou latwoublay
Kale ze andjable tout kote
Pitit tonè
Pitit bawon
Grenn sonnen
Sanzave dechennen
Ap fè defè refè
Nan gran lakou lakay.
Demanbre
M’ap fòse make pa souplas
Tèt mwen chaje
Lespri mwen anboulatcha
Mwen vire adwat agoch
Pa menm yon tizing bagay
Tounen dèyè
Yon fènwa pwès
Gade devan
Yon lòt fènwa pi pwès ankò
Reyalite makawon
Sitiyasyon mele mare antòtje.