Overblog Tous les blogs Top blogs Littérature, BD & Poésie
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Site officiel des éditions LA RENCONTRE DU SOUFFLE

Publicité

Poèmes en créole.

Makout tonbe
mayi gaye
kòk seren andjable
ap piyafe   gaye  manje   boure
dechalbore fal tout lòt
trip tonbe blayi gaye
nan gran lakou lakay

Ralemennenvini
bouske zetwal
limiyè    mèvèy
lavalas malèpandje
sezi m' nan dòmi bèkèkè
pote m' ale lwen   byen lwen
nan fatra kaka chawony malpwòpte.


Eskadwon van

van anwo          van anba

van adwatagoch
van douvandèyè

nan mitan

dèyèdo

zouzouptoup

Toubouyon van
tanmen soufle
souflete Ayiti Toma
k'ap danse mabouya
kilbite tounen
plonje desann
siyge pifon
anba pataswèl       palavire
eskonbrit
deblozay
eskandal
van.


 

Filarenyen blayi
nan kalbas tèt ti nèg
l'ap chache san trouve
janmen kanpe
lanmwit kou lajounen
toujou ap make pa souplas


anchatpent
l'ap zongle kal zong
lanbe kakanen

anmaskay
l'ap goute dlo santi
tripafouye nan tout rigòl

anbachal
l'ap fè jedou
kachkachliben
sere liben gro tèt
ak chawony

Pètpètmayi
fèmen dan w'

Mwen bouke di w'
netwaye lespri w'
pwòpte lespri w'
eskanpe lespri w'

Kwape kal zong
kwape kakanen

desitire dlosanti
desitire chawony
desitire tentennad    malpwòpte

Mwen pa beswen wè
konprann
koutgidon malveyan madichon
deblozay malèpandje
koutkouto sanzave
k'ap depatcha
bout pa bout
tikal pa tikal
zing zing
zantray Ayiti Toma

Li lè
li tan
pou n' di NON !

(Textes tirés de mon receuil de poèmes non encore achevé titré: Bouffée Entremêlée)

PHILIPPE, Jean Frantz.

 

 

Publicité
Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article