Site officiel des éditions LA RENCONTRE DU SOUFFLE

Non! Non!
Tanpri souple depoze zam yo
Vyolans pa solisyon!
Ayè nan yon toubouyon anraje
Josèf touye Mari
Jak fè kadejak sou Polin
Frè rache frè ak kout manchèt
Zanmi kokobe zanmi ak wonga.
Li fè nwa toupatou
Nan chak kay
Nan chak legliz
Nan chak kalfou
Nan chak kwen rakwen.
Peyi Dayiti fè nwa
Tout moun andèy
Tout moun an wouj
Tout moun inonsan
Tout moun koupab
Reyalite anboulatcha
Sitiyasyon mele mare antòtye
Ayiti antrave
Li pete rèl kriye.
( la vallée de la mort)
Non! Non!
Tanpri souple depoze zam yo
Vyolans pa solisyon!
Jounen jodi
Kochma je klè
Tren valè yo kite ray lavi a
Pran atè plonje nan fatra
Pèdi nan labou kaka kochon.
Timoun pa respekte grandèt ankò
Jèn yo pa kwè nan travay
Yo pa respekte lavi ankò
Granmou yo pèdi fyete yo
Bagay yo douvandèyè
Tout moun chasè
Tout moun jibye
Anbyans matchavelik
Sa k' tire avan an gen rezon
Yo tonbe pa pakèt
Sesisman ap bloke kè
Reyalite makayon
Sitiyasyon mele mare antòtye
Ayiti fout antrave
Li tonbe rele kriye san rete.
Non! Non!
Tanpri souple depoze zam yo
Vyolans pa solisyon!
Rèl Ayiti tonbe kouri toutboulin
Rive nan demen
Yon demen ki bay kè sote
Yo demen chaje nwaj pwès
Kouman demen pral ye?
Yon filang renleng lespwa
Nan yon toubouyon anraje
Sa bay anpil èdèk.
Ansispan m'ap tann demen
Ak yon rèl koulè lespwa
Yon rév lanmou
Ki di tout tan san rete
"Tanpri souple Frè m' ak Sè m' yo
Depoze zam yo
Pran koutodigo
Wou
Pikwa ...
Al travay latè
Plante mayi
Kafe...
Develope peyi annou
Ann kite vyolans ak divisyon
Yo pa solisyon
Yo mèt fache gronde
Pran lapè ak linyon
Pou Ayiti ka fleri vin bèl
Tounen pèldèzantiy."
Non! Non!
Ayiti pa dwe mouri
Li fout dwe viv!
Si nou depoze zam yo
kite vyolans divisyon
Pou lapè respè
Travay men nan men
Pou yon Ayiti pwospè.
Ala bèl sa pral bèl!
(la pierre de la paix)